
Men rezilta ankèt nou:
#NICE_SIMON nou tout konnen sou nom #ANNE ki se majistra Taba, nan relasyon anmourèz ak yon neg ki rele •Leonard. Misye se yon neg ki gen anpil kob men ki gen gwo pwoblèm edikasyon. Se misye ki te fòse •Anne" ale kandida paske li te bezwen gen kontwòl tè nan Taba. Nap raple ke misye se propriyetè yon otel nan Taba. Fok nou di ou ke Leonard nonmen tèt li Grand Conseiller nan Meri a.
Men ki sa ki pase......
Gen yon neg ki •Toussaint Hillaire, misye te direktè nan Meri Taba, Léonard fè •ANNE revoke li. "Anne" ki kwè nan konpetans Toussaint, li metel chef Kabinè li.
Léonard Di Anne poul ekri DGI pou di DGI repètorye Tout tè leta ki nan Komin lan epi pou Anne pran kontrol yo. Lè Anne jwen repons DGI, Léonard kòmanse ranmase tè nan Taba.
Genyen yon bil tè nan liy bò place HUGOR CHAVEZ la ki se tè leta. Tè sa plase ant plas piblik la ak Garaj Avis la. Léonard di lap pran tè sa pou konstwi yon Otèl. Anne di non ke li pap ka pran tè a paske se tè leta. Leonard vekse paske madanm li komanse dezobeyi li. Li akize Toussaint kòm moun kap monte tèt madanm li.
Lè Léonard ap mete presyon sou "Anne" pou retiré "Toussaint" nan Meri a nèt, Majistra Anne konvoke Katèl la ak kèk lòt moun nan yon reyinyon e Léonard te la tou. Menm kote a, pawòl la kòmanse pale. Léonard kòmanse derespekte "Anne" devan tout lòt moun ki te la yo. "Anne" di misye pou li konfòme'l paske se pa ak yon bouzen lap pale la. Lè misye monte vwa li pi fò andan an, "Anne" mande pou sécurité yo mete misye deyò. Misye tiré yon kalot dèyè Anne. Kalòt la pa pran Anne. Anne voye vè du vin ki te nan men li an sou misye. Batay pete. Pastè san Rankin ki se youn nan majistra Taba yo nan séparé pran yon rozèt nan men yon policier. Léonard rive bat Anne Jou 8 mas la kite joune mondyal tout fanm sou la tè.
Bèl fanm edike kab pran nèg ak lajan san edikasyon. Se nan mitan moun nèg sa yo imiliyew.</div>
Nou bezwen retounen ak valeur ki te gen Nan peyi a lontan. Anvan nou aksepte yon moun pou yon pos leta, fok li marye, fok li se yon moun responsab ki gen yon fanmi kom egzanp pou jenerasyon kap vini yo. Ti Manno te gen rezon chante lajan se yon malediksyon, lajan fe moun chanje klas.
RépondreSupprimer