Jounalis sa nap gade la, Miguel Guerrero, di koman yon peyi fe pov konsa pou dirijan li yo ap gate lajan nan fet tisourit, pandan majorite nasyon an paka manje, yon peyi ki ta sipoze ap travay 200/100 kite lot peyi yo deye. Jounalis sa te pwofite blaze Jovenel Moise ap Danilo ki nan tet peyi a nan mwens ke 1 an edmi tout sa li gentan reyalize.
PANDAN DOMINIKEN AP FÈ BILAN PHTK AP FÈ BANBÒCH KANAVAL Se jodi a ki fè vwazen an 174 ane depi yo te pran endepans nan men nou. Se moman pou gouvenman an tou pwofite okazyon pou li galvanize kek reyalisayon ak pwogrè ke li fè pou pèp li. Nan reyalizasyon sa yo Medina ki se prezidan aktyèl la fè konnen
1) Li retire you milyon dominiken nan povrete 2) 70 pou 100 panyol gen swen sante gratis 3) 148532 djob kreye nan ane 2016 4) 6000 chanm hotel ap wouvè an 2017 ki pral kreye plis pase you milyon anplwa San konte anpil ka'y bati ak lekòl, endistri elatriye. Se you lis ki long e ki san manti. PANDAN SAA AYITI SE TI LILI KAP CHANTE OKAY. MARTELLY AK KILÒT Nap toujou you pèp grangou san karatè, san pidè paske se san vegòy nou chwazi pou dirijèn. Map tann nou di se blan an ki ba nou tip de dirijan sa yo. Men se ou menm, kotew ye? Ou pa moun? Ki janw fè pa goumen pou anpeche sa fèt? Se kanaval ou renmen se li pou yo ba'w.
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire